vendredi 9 mars 2012

Discours du président Martelly avant la présentation de ses passeports


Nan semèn lan mwen te rankontre tout otorite moral ak spirityèl nan peyi a ki reyini sou kò ke yo rele Relijyon pou la Pè!
Yo te mande m fè yon jès pou peyi a pou pawòl anpil la fini, pou tout moun ka viv ak kè poze e pou m ka kontinye fè travay pèp la banm fè a. Travay la, nou tout konnen l :
1) Mete timoun lekòl, pèmèt yo jwenn manje ak lasante;
2) garanti sekirite vi ak byen tout moun;
3) kenbe lapè an dedan peyi a
4) kreye bon jan kondisyon pou moun vinn investi nan peyi a
5) kreye djòb
6) konstwi bon jan enfrastrikti tankou wout, ayewopò, izin,
Tout bagay sa yo ke mwen kòmanse fè deja Se pou tout rezon sa yo ke otorite relijyez yo mande m pou m bay tout dokiman vwayaj mwen. E ben mwen aksepte pou m bay otorite relijyez yo e moral sa yo tout dokiman vwayaj mwen jodi a. Mwen rete kwè ke lè m fè jès sa nan transparans devan pèp ayisyen an, sèl chèf mwen genyen an, e devan lemond antye, ma va prouve yon fwa de plis bòn fwa mwen e m'ap pwouve tou yon lòt fwa, ke Prezidan sa, Michel Joseph Martelly, li pa konn bay manti. Li se yon ayisyen natif natal tèt kale !
M espere tou ke jès sa ap yon ekzanp pou tout enstitisyon nan peyi a, e mwen vle di tou, san wete ni mete, pou yo respekte e ranpli wòl ak misyon pèp la bayo a, pou tout popilasyon an ka jwenn yon lavi miyò.
Ke Gran Mèt la beni Ayiti, tout dirijan li yo, san eksepsyon, ke li bay yo sajès ak serenite, ke li louvri je yo pou yo ka rampli plan lanmou ak ekselans li gen pou peyi Dayiti Mwen salye yo , mwen di yo mèsi, mwen salye tout invite, tout manb laprès ki la, mwen di nou mèsi anpil, e mwen lanse tou e apèl o kalm, peyi a bezwen moun kap travay pou pèp la !
Mèsi anpil!
 
   
  
Michel Joseph Martelly
Président de la République
8 mars 2012

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Laisser votre commentaire ici